Nouvèl
Sal Resepsyon Diplomatik
15 janvye 2010 | 1:08 P.M. EST
LAMEZON BLANCH
Biwo Sekretè Laprès la
Pou Pibliye Imedyatman
PREZIDAN AN: Bonswa tout moun. Mwen te vle fè yon deklarasyon rapid sou eta sityasyon an aktyèlman ann Ayit pou pèp ameriken an kapab okouran efò nap fè lòt bò a.
Maten an mwen pale ak Prezidan Préval, chèfdeta Ayiti a, ki kenbe kontak regilyeman ak anbasadè nou gen sou teren an. Mwen prezante kondoleyans pwofon mwen bay pèp ayisyen an e mwen di: nou kanpe fèm avèk li pou n apiye efò imanitè kap deplwaye nan moman sa a.
Menm jan ak anpil Ayisyen, Prezidan Préval pèdi kay li e gouvènman n nan ap travay nan kondisyon ki difisil anpil. Anpil mwayen kominikasyon koupe e jiska prezan yo pa konn sò anpil moun. Kalite katastwòf sa a se yon bagay moun pa kapab imajine, kòm nou tout ap wè nan televizyon --dapre mwen-- e dega sa yo se bagay ki pou fè kè moun fè yo mal.
Mwen pwomèt Lezetazini pran angajman pou li kanpe fèm ak leta ayisyen an e ak pèp ayisyen an nan efò kap fèt imedyatman pou sove lavi moun e pote soulajman ba yo, menm jan nou pran angajman pou n patisipe nan efò rekonstriksyon an ki pral dire lontan. Prezidan Préval avèk mwen, nou toulede panse se pou efò sa yo byen kowòdone ant Lezetazini, leta ayisyen an avèk Nasyonzini ki kontinye ap jwe yon wòl esansyèl, epi avèk tout kantite kolaboratè ak òganizasyon èd ak asistans ki deja sou teren an.
An menm tan tou, resous ameriken kontinye ap rive nan peyi Dayiti. Sekouris ki fè rechèch ak sovtaj sinistre yo kontinye travay; yap wete moun anba debri kay kraze yo. Ekip nou an sove lavi ni sitwayen ameriken ni sitwayen ayisyen, e souvan yo fè sa nan kondisyon ki ekstwòdinè, tèlman yo difisil.
Maten an, pòtavyon USS Carl Vinson rive avèk elikoptè ki pral jwe yon wòl trè-trè zenpòtan nan jou ki pral vini yo. Yap prepare pou yo pote sa ki nesesè pou satisfè bezwen ijan ki genyen sou teren an: dlo, manje ak lòt pwovizyon nan zòn priyoritè yo nan Pòtoprens. Kagezon manje, dlo ak medikaman ap kontinye rive ann Ayiti, avèk tout doktè e moun ki travay nan domèn imanitè.
Nan ayewopò a, èd ak asistans kontinye ap rive, e sa pa sòti sèlman Ozetazini, men tou nan peyi Brezil, Meksik, Kanada, Lafrans, Kolonbi, Repiblik Dominikèn avèk lòt peyi ankò. Sa kapab fè moun konprann sa mwen te di Prezidan an maten an: Lemonn antye kanpe ak leta ayisyen e ak pèp ayisyen an, paske nan devastasyon ki frape Ayiti an, nou tout wè yon imanite nou tout pataje.
E pandan kominote entènasyonal la kontinye reyaji ak asistans, mwen gen asirans Lèzetazini genyen konn devwa pou li kontinye travay san pran souf. Peyi nou an se sèl peyi ki gen kapasite pou li ofri yon men sekourab rapidman e sou plizyè plan an menm tan, epi pote èd ak asistans ki kapab sove lavi moun.
Devwa sa a, san di pètèt, vin pi enpòtan toujou lè nap fè fas ak kalite devastasyon moun ap viv la a tou pre nou. Ayisyen yo se vwazen nou nan Lèzamerik; epi pou Ameriken, yo se fanmi nou ak zanmi nou. Sa se youn nan karakteristik pèp ameriken an ki ede lòt pèp nan moman bezwen ki pi di yo. Se nan lespri sa a nou pral kore efò yo pandan yap avanse. Nan jou kap vini yo la a, ap gen moman ki pral difisil anpil.
Gen tèlman, tèlman moun ki bezwen èd ak asistans. Waf la fèmen toujou e wout yo domaje. Gen rate manje ak dlo tou. Sa pral pran tan pou yo mete sou pye pwen distribisyon yo pou nou kapab asire n resous yo rive an sekirite, avèk efikasite e nan lòd ak disiplin.
Men mwen vle fè pèp ayisyen an konnen yon bagay: nou pral fè tou sa ki nesesè pou nou sove lavi moun e ede popilasyon an rekanpe sou 2 pye l ankò. Nan efò sa a, mwen vle di moun nou yo kap travay sou teren an : mèsi – mèsi pou mesye ak medam ki pote inifòm militè a e ki pase a laksyon tèlman vit; sivil nou yo ak pèsonèl anbasad la, menmsi gen anpil nan yo ki soufri pèt pèsonèlman nan dram sa a; epi moun ki travay nan ekip rechèch ak sovtaj yo ki sòti nan eta Florid, Kalifòni ak Vijini ki kite kay yo ak fanmi yo dèyè pou yo al ede lòt moun. Mwen vle fè tout moun sa yo konnen nou demontre kouraj ak yon sans moral, e peyi nou an fyè de nou anpil anpil.
Mwen vle tou remèsye pèp ameriken an an jeneral. Nan moman difisil sa yo, nou montre yon konpasyon ekstwòdinè e nou deja bay lajan ki monte rive plizyè milyon dola. Mwen ankouraje nou tout ki vle patisipe pou nou fè sa atravè sit entènèt sa a : whitehouse.gov kote nou kapab jwenn enfòmasyon sou jan nou kapab pote kontribisyon nou.
Epi demen mwen pral rankontre ak Prezidan Clinton e Prezidan George W. Bush isit nan Lamezon Blanch pou nou wè kijan pou nou rekrite moun e ede pèp ameriken an, pandan lap patisipe nan pwogrè travay sa a pou remete Ayiti sou pye l e rekonstwi li.
Map di tou, lè m tap fini apèl telefonik mwen ak Prezidan Préval, li di kijan sa touche kè l lè li wè zanmitay ak jenewozite pèp ameriken an. Sete yon moman gwo emosyon. E, nan mitan tout gwo dega Prezidan sa a konstate tout kote li voye je l, li voye mesaj sa a bay pèp ameriken an. Li di: “Ak tout kè mwen e nan non pèp ayisyen an, mèsi, mèsi, mèsi.”
Jan m di Prezidan an, nou konsyan li bezwen plis èd e peyi li a bezwen plis èd; plis èd ke sa toujou. E nan moman difisil sa a, nou pral kontinye bay èd sa a.
Mèsi anpil.