Nouvèl
Estati Pwoteksyon Tanporè pou Ayisyen nan peyi Etazini
15 Janvye 2010
Yon desisyon pèmèt Ayisyen ki te nan peyi Etazini nan dat 12 janvye rete nan peyi-a pou 18 mwa.
Depatman Sekirite Teritoryal Lèzetazini
Anons Minis Sekirite Teritoryal la, Janet Napolitano
Nan kad efò Depatman an ap deplwaye san rete pou l ede Ayiti aprè tranblemandtè madi pase a ki devaste peyi sa a, map anonse Lèzetazini ap bay Estati Pwoteksyon Tanporè a --oubyen TPS-- pou sitwayen Ayisyen ki te o Zetazini nan dat 12 janvye 2010 la. Se yon dezas ki gen yon dimansyon istorik e desizyon sa a pral ede sitwayen ayisyen ki elijib e ki deja o Zetazini, kontinye viv e travay nan peyi nou an pandan 18 pwochen mwa yo.
Desizyon nou pran pou n ofri yon refij pwovizwa pou Ayisyen ki deja ap viv sou tèritwa ameriken an e ki ta an danje si yo retounen ann Ayiti, fè pati efò administrasyon sa a ap fè san rete pou l kore efò Ayiti ap deplwaye pou l rekanpe sou 2 pye l.
Nan moman trajik Ayiti ap travèse la a, moun kap soufri aprè pasaj tranblemandtè a kapab gen tandans pou yo eseye chache refij nan lòt peyi. Sepandan sèl konsekans tantativ ki ta fèt pou moun pati kite Ayiti kounyela a kapab genyen, se pote plis mizè ak pwoblèm pou pèp ayisyen an e pou nasyon ayisyèn nan. Kominote entènasyonal la pote-kole nan efò kap fèt pou voye pwovizyon ak materyèl sekou ann Ayiti. Anpil nan pwovizyon ak matetryèl sa yo deja rive e gen plis toujou ki nan wout.
Pèp ayisyen an se yon pèp ki gen kouray, ki pa bay legen fasil, ki gen yon volonte fèm ak anpil jenewozite; e wòl li nan travay pou fè fas ak kriz ki pete nan peyi li a, pral genyen yon enpòtans kapital pou avni Ayiti.
Li enpòtan pou nou atire atansyon sou le fèt ke TPS la ap aplike sèlman pou moun ki te o Zetazini nan dat 12 janvye 2010 la. Sila yo ki ta fè tantativ pou yo vwayaje o Zetazini apre dat 12 janvye 2010 la, pap kapab jwenn TPS la, e yap depòte yo nan peyi yo.
Depatman Sekitite Teritoryal kontinye voye kondoleyans li bay vwazen ayisyen nou yo e nou apiye tout jan nou kapab efò sekou mondyal ki sou pye yo. 4 bato Gad Kòt ameriken deja rive ann Ayiti, an plis tout yon seri de lòt ekipman Gad Kòt ki te deja nan rejyon an pou kore kontwòl trafik ayeryen an, reyalize evalyasyon dega yo epi sove moun ki bezwen asistans. Ajans Federal Ameriken pou Jesyon Ka Dijans (FEMA) kontinye travay nan yon kolaborasyon sere avèk Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID) e ak Depatman Deta --ki se 2 pi gwo ajans federal ameriken kap patisipe nan efò sekou yo-- pandan lap kowòdone deplwaman ekip rechèch ak sovtaj ki sòti nan eta ak vil atravè tout Lèzetazini pou ale ann Ayiti, epi li pare pou l ofri manje, dlo ak lòt pwodui toujou an ka bezwen. Biwo Ladwann ak Poteksyon Fwontyè Lèzetazini (CBP) mete avyon a la dispozisyon efò sekou yo.
Ayisyen kap viv o Zetazini e ki eljib pou TPS, fèt pou visite sit entènèt sa a : www.uscis.gov oubyen telefone USCIS gratis nan nimewo sa a (800) 375-5283.”
(Distribiye pa Biwo Pwogram Enfòmasyon Entènasyonal nan Depatman Deta. sit: http://www.america.gov)