Skip Global Navigation to Main Content
Skip Breadcrumb Navigation
Nouvèl

Frè demand viza yo monte

Nan dat 2 jen 2010

No. 2010/47

Konsila peyi Etazini nan Pòtòprens ap enfòme piblik la ke frè demand viza yo ap monte apati vandredi 4 jen 2010 lan.  Moun kap pran randevou pou viza B-1/B-2, F ak viza J ap gen pou peye 140 dola ameriken; pou viza H, L, O, P, Q ak viza R yap peye 150 dola ameriken; pou viza E yo ap peye 390 dola ameriken e sila ki ta renmen pran viza K ap peye 350 dola ameriken.  Tout moun kap vin nan randevou nan dat 4 jen osinon apre dwe respekte kondisyon sila-yo.

Konsila-a ap fè tout moun sonje ke frè viza yo se an GOUD sèlman pou yo peye yo.

Tout moun ki te deja peye 131 dola yo e ki gen randevou pou dat 4 jen osinon apre ap kapab peye rès kòb ki rete-a oubyen nan nenpòt biwo SOGEBANK oubyen nan Konsila-a menm jou randevou-a. 

Wap jwenn enfòmasyon sou kòman pou ranpli fòm DS-160 lan, sistèm pou pran randevou sou entènèt ak lis enfòmasyon sou kondisyon pou ou fè yon demand viza ameriken sou sit entènèt http://haiti.usembassy.gov.

(Tèks la fini)