Skip Global Navigation to Main Content
Skip Breadcrumb Navigation
Nouvèl

Kòmandman Sid Ameriken-an anonse asistans imanite-a ap kontinye pou Ayiti

28 Avril 2010

2010/35

 

Kòmandman Sid Ameriken-an anonse nan dat jedi 22 avril ki sot pase-a li ap mete sou pye yon misyon pou pote asistans imanitè nan peyi Dayiti.  Misyon sila-a ap rele Nouvo Orizon.  Li pral bay sèvis medikal epi fè lòt travay konstriksyon nan plizyè kominote ki andeyò Pòtoprens, tankou Gonayiv.  Misyon sila-a ap kòmanse jou kap premye jen pou li fini nan mwa sektanm kap vini-an.

 

Dapre Lyetnan Jeneral Ken Keen ki se Vis-Kòmandan militè Komandman Sid Ameriken-an,  ki te travay anvan sa kòm Kòmandan Gwoup Travay Konjwen pou Ayiti-a, misyon militè sila-a ki pral bay asistans imanitè nan peyi Dayiti ap gen 500 twoup ladan li.  Twoup sila yo se Gad Nasyonal Lwuizyan ki pral dirije yo.  

 

Kote misyon Nouvo Orizon-an pral travay sou pwojè-yo ak kote li pral bay asistans medikal yo te chwazi ak Gouvènman ayisyen-an ansanm ak USAID.  Yo te chwazi yo defason pou respekte kondisyon ki te pase aprè tranblemandtè-a.

 

Pwojè ki gen rapò ak konstriksyon yo gen ladan yo: refè plafon yon lekòl, fè lòt konstriksyon nan twa lòt lekòl, potè amelyorasyon nan pwi dlo yo ak yon lakou rekreyasyon pou espò.

 

Misyon Nouvo Orizon-an pral bay swen medikal gratis nan senk zòn diferan.  Ap genyen yon estaf medikal militè sou chak sit pandan di jou.  Yo pral pral bay sèvis yo nan medsin jeneral, nan swen pou  dan, ak swen pou zye moun ki bezwen linèt.  Chak sit ap ka resevwa jiska 700 moun chak jou.  Yap konsilte bèt ki malad tou. 

 

Estaf misyon Nouvo Orizon-an ap kontinye angajman Depatman Defans Ameriken-an te pran pou li ede pèp Ayisyen-an epi pou li sipòte USAID ki ap jere tout èd peyi Etazini ap bay peyi Dayiti.

 

Asistans misyon Nouvo Orizon-an vin ajoute sou 1.03 milyon dola gouvènman Ameriken-an te deja bay pèp Ayisyen-an lè li te pote asistans imanitè touswit aprè tranblemandtè ki te fèt 12 janvye ki sot pase-a.

 

Misyon ki rele Nouvo Orizon-yo te kòmanse nan mitan lane katreven yo.  Se yon seri misyon inamitè ki fèt chak ane e se Kòmandman Sid Ameriken-an ki mete yo sou pye nan tèt ansanm ak lòt nasyon ki nan Lamerik Latin-lan ak nan Karayib la.  Nòmalman, misyon Nouvo Orizon-yo dire plizyè mwa, pou yo pote sèvis medikal ak travay sou pwojè wout pandan yo tou pwofite pèmèt fòs militè ameriken ki deplwaye yo jwenn chans pou yo travay ak lòt nasyon patnè li yo.  

 

(Tèks la fini)