Skip Global Navigation to Main Content
Skip Breadcrumb Navigation
Nouvèl

Konsila peyi Etazini nan Pòtoprens ap reprann sèvis pou viza touris

Nan dat 26 mars 2010

No. 2010/24

Konsila peyi Etazini nan Pòtoprens ap enfòme piblik-la ke li ap rekòmanse travay pou tout demand viza biznis ak touris (B1/B2) apati dat 5 avril 2010.

Moun kap aplike pou viza oblije itilize sistèm entènet-la nan adrès http//evisaforms.state.gov/schedulingsystem.asp pou pran yon randevou.  Pou plis  enfòmasyon sou demach pou ou swiv, vizite adrès entènèt Anbasad la ki se: http//haiti.usembassy.gov.

Moun kap aplike pou viza kapab kòmanse pran randevou depi koulye-a pou yo ka jwenn yon antrevi ak konsila-a apati dat 5 avril.

Tout moun ki ta renmen renouvle viza miltip senkan yo dwe itilize sistèm entènèt la pou pran yon randevou.  Konsila-a ap fè tout moun konnen ke yo pap kapab renouvle viza yo apati ajans devwayaj yo ankò.

 Moun ki ta renmen jwenn yon randevou anvan dat 5 avril pou biznis, etid, pwogram echanj (j1) ak lòt kategori viza ki nòmalman bezwen yon otorizasyon espesyal de sèvis imigasyon ameriken ka kontinye ekri nan adrès sila-a: papniv@state.gov pou yo ka avanse randevou-a pou yo.  Toutfwa, moun kap aplike pou viza pou menm kategori sila-yo, epi ta renmen vwayaje aprè dat 5 avril 2010 dwe itilize sistèm entènèt la pou pran randevou.

Tout moun kap mande viza dwe ranpli fòm (DS-156) la sou entènet nan adrès sila a: http://evisaforms.state.gov.  Jou randevou-a, yo dwe pote yon paspò ki valid pou si mwa pou piti, yon foto idantite (50mmX50mm), fich SOGEBANK bay la lè ou finn paye randevou-a ak lòt  dokiman ki montre ke yo stab nan peyi yo, ke yo pa pral rete nan peyi Etazini.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou zafè viza yo ak fòm ou sipoze ranpli yo, ale sou sit entènet sila yo: www.travel.state.gov ak http://evisaforms.state.gov

 (Tèks la fini)