Skip Global Navigation to Main Content
Skip Breadcrumb Navigation
Nouvèl

Moun kap mande viza ameriken dwe ranpli yon nouvo fòm ki rele DS-160

Nan dat 26 Avril 2010

No. 2010/34

Apati vandredi kap 30 avril, tout moun kap mande viza ameriken dwe ranpli yon nouvo fòm ki rele DS-160 sou entènèt.  Depatman Deta Ameriken te kreye fòm sila-a pou rann pwosesis  demand viza pi fasil, konsa tou li ap ede pwoteje vi prive moun kap mande viza-a pi byen.

Nouvo fòm sila-a yo rele DS-160 lan se sou entènet ou dwe ranpli li.  Ou pap peye pou sa epi ou pa bezwen yon moun ede ou ranpli li.  Lè li fin ranpli fòm sa-a sou entènèt, moun ki pral mande viza-a dwe enprime fèy konfimasyon an ki gen bakode-a pou li pote li nan konsila-a jou randevou-a.   Bakode-a pèmèt Konsila-a wè dirèkteman enfòmasyon ou te bay lè ou tap ranpli fòm lan sou entènèt la.   

 Moun kap mande viza ka jwenn fòm DS-160 lan sou sit entènèt nan adrès sila: https://ceac.state.gov/genniv/.  Tout moun kap mande viza dwe pran randevou ak Konsila-a apati sit entènèt http://evisaforms.state.gov/SchedulingSystem.asp

 Wap jwenn enfòmasyon sou kòman pou ranpli fòm DS-160 lan, sistèm pou pran randevou sou entènèt ak lis enfòmasyon sou kondisyon pou ou fè yon demand viza ameriken sou sit entènèt http://haiti.usembassy.gov.

 (Tèks la fini)