Skip Global Navigation to Main Content
Skip Breadcrumb Navigation
Nouvèl

Seksyon viza Konsila-a ap Louvri Selman Pou Moun Ki Pral Etidye Ozetazina, Moun Ki Pral Patisipe Nan Pwogram Echanj ak Moun Kap Mande Pemi Travay

Nan Dat 8 Mas 2010

Anbasad Peyi Etazini nan Pòtoprens ap fè tout moun konnen ke apati jou ki ap lendi 8  mas 2010 la, seksyon viza-a ap rekòmanse travay sèlman pou moun ki pral etidye Ozetazini (F-1), moun ki pral patisipe nan pwogram echanj (j-1) ak lòt kategori viza ki deja gen otorizasyon sèvis imigrasyon ameriken.

Anbasad-la regrèt li poko kapab rekòmanse pran demand moun ki ap mande viza touris ak viza biznis.  Anbasad-la ap enfòme laprès lè li ap rekòmanse travay nòmalman pou seksyon viza-a.

Pou pran yon randevou viza, moun kap mande viza yo bezwen ekri nou nan adrès sila-a papniv@state.gov.  Yo bezwen ba nou enfòmasyon sila-yo: 

  1. Non ak siyati yo
  2. Ki  lè yo fèt
  3. Nimewo passpò yo
  4. Nimewo  petisyon an si yap mande viza travay
  5. Nimewo SEVIS pou etidyan yo (kategori F-1, M-1, et J-1)
  6. Nimewo telefòn yo
  7. Rezon ki fè yo bezwen pati
  8. Ki lè yo sipoze pati

Depi Konsila-a resevwa enfòmasyon sa-yo, li ap ekri yo pou li bay yo jou ak lè randevou-a.

Anbasad-la ap fè konnen ankò li pap bay randevou pou viza touris ak biznis (B1/B2) koulye-a.

Tout moun kap mande viza dwe ranpli fòm (DS-156) a sou entènet nan adrès sila-a: http://evisaforms.state.gov.  Jou randevou-a yo dwe pote dokiman sila-ya :

  • yon paspò ki valid (pou pi piti 6 mwa),
  • yon foto idantite viza (50mmX50mm),
  • resi Sogebank ba yo-a lè yo tal peye randevou-a,
  • lòt dokiman ki montre ke yo atache a peyi-a.

Pou plis enfòmasyon sou règleman, kondisyon pou ou mande viza, sou kouman pou ou jwen fòm viza yo, sou enstriksyon pou ou swiv ak lot keksyon ou ta genyen, ou ka ale sou sit entènet sila yo: www.travel.state.gov ak http://haiti.usembasy.gov