Vi Prive
Deklarasyon sou Konfidansyalite
Nou pa rasanble okenn enfòmasyon pèsonèl (PII) sou ou lè ou ale vizite sit nou an sof si ou chwazi pou ou bannou enfòmasyon sa yo. Soumèt enfòmasyon ki idantifye moun pèsonèlman nan sit entènèt nou an se yon bagay volontè, men lè ou fè sa, se ou ki bay pèmisyon ou pou yo sèvi ak enfòmasyon an nan bi yo deklare a. Lè ou pa bay sèten enfòmasyon sa ka fè nou pa an mezi pou founi ou sèvis ou vle a. Si ou chwazi ba nou PII sou yon sit wèb Depatman an, atravè metòd, tankou w ranpli yon Fòm entènèt oswa voye yon imèl ba nou, nou pral itilize enfòmasyon sa a pou ede nou ba ou enfòmasyon oswa sèvis ou te mande oswa pou reponn a mesaj ou a. Enfòmasyon nou ka resevwa nan men ou la varye selon sa wap fè lè ou vizite sit nou an.
Nou otomatikman kolekte epi estoke non domèn kote ou jwenn aksè a entènèt la (com, edu, elatriye..); Dat ak lè ou jwenn aksè sou sit nou an; ak adrès entènèt sit Wèb la (tankou yon motè rechèch oswa refere paj) de kote ou te rive nan sit nou an. Nou itilize enfòmasyon nou kolekte a pou konte kantite moun ki vizite diferan paj yo ki sou sit nou an, epi pou ede nou fè sit nou an pi itil pou vizitè tankou ou.
Si ou voye E-mail bannou
Ou kapab chwazi ba nou enfòmasyon pèsonèl, tankou nan E-mail la ak yon kòmantè oswa yon kesyon. Nou sèvi ak enfòmasyon sa yo pou amelyore sèvis nou yo pou ou oswa pou reponn demann ou an. Pafwa nou transmèt adrès E-mail ou a bay lòt ajans gouvènman Etazini ki ka plis an mezi pou ede ou. Eksepte pou envestigasyon otorize ki fè respekte lalwa, nou pa pataje E-mail nou yo ak nenpòt ki lòt òganizasyon deyò.
Sit entènèt yon Twazyèm-pati ak aplikasyon
Nou genyen lyen ak rezo sosyal yo epi ak lòt kalite sit entènèt yon twazyèm-pati. Nou itilize sit entènèt rezo sosyal pou kominike avèk odyans kin an peyi etranje ak pou angaje nan diplomasi piblik atravè lemond. Sit entènèt rezo sosyal yo itilize pou pibliye lis aktivite anbasad yo, epi angaje ak piblik la. Nou sèvi tou ak teknoloji entènèt ak personnalisation mezi yo ki mezire ki kantite vizitè ki gen sou sit entènèt nou an ak nan diferan seksyon epi pou kontribye fè sit entènèt nou an vin pi itil pou vizitè yo. Nan kèk ka, aplikasyon twazyèm-pati yo konn mande yon adrès E-mel, non itilizatè, modpas, ak zòn jeyografik la pou rezon enskripsyon kont la. Nou pa sèvi ak sit entènèt twazyèm-pati nan solisite ak kolekte PII nan men moun. Nou pa kolekte oswa estoke nenpòt ki PII ke yo kolekte pa nenpòt ki sit entènèt twazyèm-pati, epi pa gen PII yo pral divilge, vann oswa transfere bay nenpòt ki lòt antite andeyò Depatman Deta a, sof si yo mande pou rezon aplikasyon lalwa oswa nan lwa.
Nou kapab sèvi ak divès kalite sondaj sou entènèt pou kolekte opinyon ak kòmantè ki soti nan yon echantiyon pa aza de vizitè. Esansyèlman, Depatman Deta a itilize rezilta Indis ameriken ForeSee Result American Customer Satisfaction (ACSI) ankèt ki fèt sou entènèt sou yon baz kontinyèl pou jwenn fidbak ak done sou satisfaksyon vizitè yo sou sit entènèt nou an. Sondaj sa a pa kolekte PII. Malgre ke envitasyon a sondaj la paret pou yo echantiyon vizitè, li fakiltatif epi se pa tout sit entenet anbasad yo ki fè sondaj la. Si ou refize sondaj la, w ap toujou gen aksè a enfòmasyon yo ak resous ki sanble sou sit nou an tankou moun ki pran sondaj la. Rapò sondaj yo disponib pou administratè sit entènèt la sèlman ak lòt anplwaye ki deziyen ki bezwen enfòmasyon sa a yo fè travay yo. Nou kapab itilize lòt sondaj ki gen yon dire limite pou finalite espesifik ke yo eksplike nan moman yo afiche yo.
Enfòmasyon yo kolekte pou swiv ak pèrsonalizasyon (Bonbon/ cookies)
Yon bonbon (cookies) se yon ti dosye tèks ke yon sit entènèt transfere nan òdinatè ou a pou pèmèt li sonje enfòmasyon espesifik sou sesyon ou an pandan ou konekte. Òdinatè w lan pap pral divilge enfòmasyon ki nan bonbon an (cookies) ak sit wèb ki te bay li a, epi pa gen okenn lòt sit entènèt pa ka mande pou li. Gen de (2) kalite bonbon (cookies) ki se:
- Seyans: bonbon (cookies) sesyon yo dire sèlman osi lontan ke navigatè entènèt ou an louvri. Yon fwa ou fèmen navigatè ou a, bonbon an (cookies) efase. Sit entènèt yo ka itilize bonbon sesyon yo pou rezon teknik tankou pou pèmèt yon pi bon navigasyon a travè sit la, oswa pou pèmèt ou pèsonalize preferans ou pou kominike avèk sit la.
- Pèsistans: bonbon (cookies) ki pèsistan yo anrejistre sou disk di odinatè yon itilizatè pou yo ka detèmine ki itilizatè ki nouvo sou sit-la oswa kap retounen, pou bloke envitasyon kap pede renouvle yo pou pran sondaj ForeSee la.
Si ou pa ta vle gen sesyon oswa bonbon (cookies) pèsistan ki estoke sou machin ou, ou kapab wete bonbon yo (cookies) nan navigatè w la. W ap toujou gen aksè a tout enfòmasyon ak resous sou sit entènèt nou an. Sepandan, le ou wete cookies yo sa kapab fekte fonksyonman kèk sit entènèt. Ou dwe konnen ke lè ou wete cookies nan navigatè ou sa pral afekte cookies ou yo le wap itilize yo nan tout lòt sit wèb ou vizite yo tou.
Lyen ki mennen nan sit entènèt Exteryè yo
Sit wèb nou an gen anpil lyen ak lòt ajans ameriken, anbasad, òganizasyon miltilateral, ak òganizasyon prive nan peyi Etazini ak nan lòt nasyon yo. Lè ou swiv yon lyen nan yon lòt sit, ou pa sou sit nou an ankò epi lè sa ou depann de règleman sou lavi prive kinan nouvo sit la.
Tout efò yo te fè pou bay enfòmasyon egzat ak konplè. Sepandan, nou pa kapab bay garanti ke pa pwal gen okenn erè. Sou sa ki konsene dokiman yo ak enfòmasyon sou sit wèb sa a, ni anbasad la, ni anplwaye li yo oswa kontraktè yo pa bay okenn garanti, eksprime oswa enplisit, tankou yo garanti kalite nan machann ou pou yon ta itilize li pou yon rezon patikilye ki gen rapò ak dokiman disponib nan sit entènèt sa a. Anplis de sa, anbasad la pa pran okenn responsablite legal pou presizyon nan, konplè, oswa itilite tout enfòmasyon, pwodui, oswa pwosesis divilge nan dokiman sa a epi yo pa reprezante ke itilizasyon enfòmasyon sa yo, pwodwi, oswa pwosesis pa ta vyole sou dwa propriyete prive.
Pou rezon sekirite sit la epi pou asire ke sèvis sa a rete disponib pou tout itilizatè, Depatman Deta a itilize pwogram ou lojisyèl pou kontwole rezo trafik yo pou idantifye tout moun ki ta eseye san otorizasyon pou telechaje oswa chanje enfòmasyon oswa kap eseye koze lòt domaj. Tout tantativ san otorizasyon pour telechaje oubyen modifye enfòmasyon sou sèvis sa yo, yo entèdi epi yo ka pini dapre yon lwa sou Fwòd nan Odinatè ak Lwa sou Abi nan lane 1986. Enfòmasyon yo ka sèvi pou ankèt ki otorize pou fè respekte lalwa. Eksepte pou rezon ki mansyone anwo yo, pa gen okenn lòt tantativ pou idantifye moun kap itilizè oswa abitid yo gen pou itilize l. Tout tantativ san otorizasyon pou telechaje enfòmasyon ak / oswa enfòmasyon sou sa yo chanje sou sit wèb yo entèdi, epi yo sijè a lajistis dapre Lwa sou Fwòd nan Odinatè nan lane 1986 ak Titre 18 USC Sec.1001 ak 1030.