Nouvel
Randevou viza touris nan anbasad amerikèn
Nan objektif pou bay piblik la pi bon sèvis, Anbasad amerikèn nan Pòtoprens ap fè konnen ke gen chanjman ki fèt nan sistèm randevou pou visa touris-la. Apati premye avril 2012, si nou gen yon randevou pou viza, fòk nou verifye lè randevoua sou paj konfimasyon-an. Nap mande tout moun pa vini plis ke inèd tan anvan lè randevou a. Okenn aplikan pap ka rantre nan anbasad la si yo rive pi bonè ke inèd tan anvan lè randevou a.
Anplwaye anbasad-la ap kanpe deyò a pou yo ka ede piblik la jwenn bon sèvis. Nap ka rekonèt yo gras ak kat idantifikasyon anbasad la k’ap sou yo. Si gen yon moun ki pa gen badj anbasad-la ki apwoche nou pou pran pòz lap ban nou enfòmasyon, oswa si lap mande nou peye lajan ankò, se pou nou prese rele yon ajan ki abiye ak inifòm anbasad la.