Skip Global Navigation to Main Content
Skip Breadcrumb Navigation
Nouvèl

Enfòmasyon Konsila Ameriken nan Pòtòprens

Nan dat 23 janvye 2010

Joint Information Center (JIC Haiti)
Sant Enfòmasyon Konjwen

  • Kounye-a, Anbasad Peyi Etazini nan Pòtoprens ap evakye sitwayen ameriken sèlman. 
  • Yon timoun ki sitwayen ameriken ka vwayaje Ozetazini akonpanye de yon adilt (epi  moun sila-a pa oblije yon sitwayen ameriken).  Li pi bon si moun sa-a ta youn nan paran li yo, osinon yon manm nan fanmi li. 
  • Se yon sèl moun (e moun sila-a pa oblije yon sitwayen ameriken) yo ap otorize akonpanye yon timoun ki sitwayen ameriken Ozetazini. 
  • Si gen dezoutwa timoun ki sitwayen ameriken nan yon menm fanmi, se toujou yon sèl moun (e moun sila-a pa oblije yon sitwayen ameriken) yo ap otorize akonpanye yo Ozetazini. 
  • Paran timoun ki sitwayen ameriken-an oblije bay moun kap akonpanye timoun nan yon papye ki di ke li otorize li vwayaje avèk timoun nan.
  • Paran timoun nan dwe dakò pou li remèt gouvènman ameriken lajan tikè pou ni timoun nan ni moun kap akonpanye li-a.
     
    (Tèks la fini)