Skip Global Navigation to Main Content
Skip Breadcrumb Navigation
Nouvèl

Anons Sèvis Piblik - Anbasadè Joseph

52 segond

Ayisyen, Ayisyèn, mwen se Raymond Joseph, Anbasadè Ayiti nan Washington.

Mwen gen yon mesaj byen kout pou nou.

Koute: si nou konprann nou pral pran kanntè pou rantre Ozetazini, eben, mezanmi, yap kenbe n depi sou lanmè e yap tounen n lakay byen vit.

Peyi a bezwen nou jodi a.  Li bezwen nou anndan Ayiti pou nou ede refè peyi a.

Na pral refè l avèk fòs; avèk fòs ke nou jwenn nan “Linyon ki fè lafòs.” 

Donk, avèk lèd Letènèl, map di nou kenbe fèm, travay, rete lakay,  Nap jwenn plis èd anndan lakay.