Nouvèl
Anons Sèvis Piblik - Bato ki twò chaje
53 segond
Chè frè ak sè ayisyen m yo :
Nou byen konnen nou sibi move konsekans tranblemandtè 12 janvye pase a, ki koze anpil dega e ki fè plizyè milye viktim. Kounyela a, anpil nan nou ap kouri pran bato pou n kite kapital la, pou n ale nan pwovens. Sepandan, nou fèt pou n evite koze plis malè pandan nap eseye sove lavi nou.
Silvouplè, pa chaje bato yo depase limit, paske sa ka lakòz nou pèdi lavi nou sou lamè. Pran prekosyon. Si yon batiman deja plen pasaje, pa monte abò l. Rete tann batiman kap pati aprè l la.
Kanta pou nou menm, amatè-batiman, kaptenn ak mèt bato yo, respekte règlemen navigasyon yo epi fè yon jan pou n pa koze lanmò pèsonn.